Enskripsyon

Enskri an 3 etap

Enskripsyon 2026-2027 : gadri edikatif, kindergarten ak 1ye ane fondamantal.

  1. Pre-enskri pitit ou

    Ranpli fòm ki anba a oswa rele lekòl la nan 4644-7615.

  2. Vin lekòl la ak pitit ou

    Timoun nan dwe la. Pote papye ki nan lis la.

  3. Peye frè enskripsyon an

    1 000 goud. Enskripsyon an konfime.

Enskripsyon 2026-2027 louvri

Vini ak pitit ou ak papye sa yo, oswa kòmanse pre-enskripsyon an sou entènèt : lekòl la ap rele w.

  • 2 foto resan timoun nan
  • Kopi ak nesans
  • Kopi kanè vaksen
  • Dènye kanè lekòl
  • 1 foto moun ki responsab la
  • Kopi kat idantite li
  • Timoun nan dwe la
1 000goud pou enskripsyon

Pre-enskripsyon sou entènèt

Lekòl la ap rele w pou fikse randevou a. Ou ka rele 4644-7615 oswa 4139-8658 tou.

Timoun nan

Paran an oswa moun ki responsab la

* fòk ou ranpli l

Kesyon paran yo

Ki laj pitit mwen ka vini ?

Depi 3 mwa, nan gadri edikatif la (3 mwa rive 2 an ½).

Ki nivo lekòl la genyen ?

Gadri edikatif, 1ye rive 3yèm ane kindergarten ak 1ye ane fondamantal.

Èske gen kou angle ?

Wi, gen kou angle pou timoun yo.

Konbyen enskripsyon an koute ?

Frè enskripsyon an se 1 000 goud. Pou lòt frè yo, rele lekòl la.

Ki kote lekòl la ye ?

7, Grandier 2, Mòn Monben, Kavayon, nan Sid Ayiti.